
KONBA COQ
NAN KÈ GAGÈ A.
Pousyè a leve. Tanbou a sonnen.
Antre nan lakou a.
CHWAZI KÒK OU.
Twa kòk nan jwèt la: Volon, Telèk ak Imaji. Se fason ou jwe ki fè diferans lan.
MODÈL 3D NAN DEMO AVOLON
Karakteristik pwototip la ka chanje pandan devlopman an.

GAGÈ KOK LAKOU
Bwa, pay, tè ak son tanbou. Premye gagè nou an enspire pa yon anviwònman riral tradisyonèl. Lòt kote ap vini pita.
Ilistrasyon konsepsyon — grafik demo a ap evolye.
ANTRE. OBSÈVE. FRAPE.
Konba Coq se yon demo solo kont òdinatè. Jere distans ou, enèji ou ak moman pou atake. Bèk, zèl, zepon: twa atak, yon sèl objektif.
- Twa nivo difikilte
- Lavi, enèji, blokaj ak kouri
- Kontwòl tactile sou Android
- Kreyòl, français, English

GAGÈ A AP TANN OU.
Telechaje APK tès la sou telefòn Android ou. Jwèt la toujou an devlopman; grafik ak animasyon yo ap kontinye amelyore.
Kijan pou enstale APK a?
Louvri fichye APK a sou Android epi swiv etap enstalasyon yo. Android ka mande otorizasyon pou enstale depi navigatè ou a. Si ou deja gen demo a, nouvo APK a mete li ajou.